Sijè

Transpò

Lejislatè nou yo ak gouvènè nou genyen kounye a pase plizyè ane nan pale pawòl tafya san fè aksyon. Se sa ki plonje nou nan yon gwo kriz transpò. Soti nan travay pase nan edikasyon rive nan swen sante ak prèske chak bezwen nou genyen, nou depannde enfrastrikti eta nou an pou transpò ki fyab. Anplis, avèk chanjman klimatik mondyal la k ap menase nou, nou pa kapab retade ankò tranzisyon nou tout konnen nou bezwen an pou nou soti nan sistèm nou gen kounye a ki baze sou gran wout epi ki depannde kabiran fosil pou nou ale nan yon opsyon ki pi dirab. Pandan nou sou wout pou nou relanse ekonomi an apre kriz COVID-19 la, zafè transpò piblik la pral enpòtan anpil. Selon etid yo, pou chak dola ki depanse nan transpò piblik, nou rejwenn kat (4) nan kwasans ekonomik. Nan moman sa yo, nou pa kapab inyore dwa tout moun genyen pou yo deplase gras ak yon transpò piblik ki pa chè, ki aksesib epi ki dirab.

Priyorite yo se:

  • Finanse epi elaji MBTA a nèt ak lòt opsyon transpò piblik aktyèl yo.
  • Adopte yon Nouvo Akò Ekolojik (Green New Deal) pou Massachusetts pou fasilite transfè sistèm nou genyen kounye a ki depannde kabiran fosil
  • Etabli transpò a tankou yon dwa nan ogmante finansman transpò piblik nou an pou nou pase nan yon sistèm san tarif
  • Bati Liy Ray Lès-Lwès la ki pral pouse kwasans ekonomik nan Lwès Massachusetts, pandan li ap soulaje pwoblèm sikilasyon ak pwoblèm lojman nan Boston ak ozalantou li

Lojman

Antanke yon moun ki te sanzabri, mwen konnen lojman se yon dwa. Zafè lojman abòdab ki manke a se yon kriz nan eta sa a. Eta Massachusetts gen anpil pou li ofri, men sa pa fè gwo efè si moun yo pa gen mwenyen pou viv ladan. Li te lakoz inegalite ekonomik ak kantite sanzabri yo ogmante epi li te fè dega nan ekonomi nou an, piske travayè ki gen talan souvan kite eta a pou yo ale nan rejyon kote lavi a mwen chè. Pi enpòtan ankò, sa vle di pitit nou yo pa gen mwayen pou yo bati yon vi isit la avèk fanmi yo. Se yon pwoblèm konplèks yo dwe abòde sou plizyè ang diferan. Sepandan, men kèk nan refòm mwen ta renmen wè yo enplemante.

Priyorite yo se:

  • Rezoud pwoblèm sanzabri a nan eta nou nan adopte yon modèl lojman anvan ki bay lojman pèmanan ak sèvis sipò pou moun ki sanzabri yo.
  • Estabilize ogmantasyon lwaye nan eta nou an nan adopte yon plafon ogmantasyon an pousantaj nan tout eta a, ki sanble ak sa ki nan California oswa Oregon
  • Entwodui yon Deklarasyon Dwa Lokatè ki konplè, ki pral gen ladan li dwa pou yo fè sendika, dwa pou yo pran avoka, ak pwoteksyon kont frè ak degèpisman ki enjis pou nou site kèk pami lòt yo
  • Mete fen nan plizyè deseni pratik zonaj ki limite nan katye ki pi rich ak katye ki gen plis moun blan nan eta nou, epi lite pou nouvo règ zonaj ki ankouraje devlope pwojè tankou konstriksyon lojman pou moun ki gen revni miks oswa lojman pou plizyè fanmi 
  • Asire se sendika lokal ki pwoteje salè ki bati tout pwojè devlopman yo epi garanti nòm sekirite ki pi estrik yo

Swen Sante

Nan moman sa yo, nou wè jan aksè nan swen sante ekitab la enpòtan anpil. Antanke yon moun ki ap viv ak yon maladi jenetik kwonik ki ra, mwen wè kijan dèt medikal kraze zo kapab fè lavi a deraye. Mwen konstate ak je mwen sistèm medikal nou gen kounye a souvan desi moun ki bezwen li plis yo. Nan mitan pandemi mondyal aktyèl la, kounye a nou plis bezwen yon eta ki konsidere zafè swen sante a kòm yon dwa epi ki garanti bonjan swen ki pa chè pou chak rezidan kèlkeswa sitiyasyon sosyo-ekonomik li.

Priyorite yo se:

  • Lite pou etabli Medicare pou Tout Moun nan Commonwealth nou an
  • Travay yon fason ki pwo-aktif pou konbat kriz sanitè yo nan itilize rekòmandasyon syantifik otirite sante piblik yo
  • Etabli limit ak règ pou sekirite pasyan pou asire lopital prive yo ak pwofesyonèl swen sante yo priyorize byennèt pasyan yo ak travayè lasante ki nan premye liy olye yo diminye pri yo
  • Finanse sèvis esansyèl yo piblikman epi sispann fèmen yo. Fòk nou pèmèt tout kominote yo gen aksè nan swen sante

Transparans

Kounye a yon estrikti pouvwa sou Beacon Hill ki kont demokrasi, ki santralize epi ki pa rann kont bay pèsòn rann li pi fasil pou lòbiyis yo vize tèt la epi minen sistèm lan pou anpeche moun patisipe. Yon kò lajislatif ki demokratik toutbonvre aksib pou tout elektè epi li transparan nan sa l ap regle. Malgre dènye refòm yo, yon sistèm achiv piblik ki fèb anpeche gouvènman an rann kont epi Massachusetts se youn nan sèlman de (2) eta kote toule twa (3) branch gouvènman eta yo di yo egzan nan demann achiv piblik yo. Pou sa fèt, nou bezwen dirijan solid ki pral kanpe pou adopte plizyè mezi pou rann kont, sa ki pral fè wout pou kandida ki pi divèsifye, epi ki pral pwo-aktif nan rezoud pwoblèm yo. Antanke yon Reprezantan Eta, mwen pral travay pou m konstui yon gwo kowalisyon avèk kolèg mwen yo, militan mwen yo, epi gwoup alye mwen yo pou nou atenn objektif sa yo.

Priyorite yo se:

  • Rann règ State House yo (chanm reprezantan) pi transparan yon fason pou elektè yo konnen fason reprezantan yo ap vote
  • Kreye yon biwo ouvè ki aksesib pou tout moun nan kominote yo, favorize relasyon avèk kominote defavorize yo ak kominote yo mete sou kote nan distri a, epi ankouraje sitwayen yo patisipe
  • Pibliye tout vòt ak temwayay komite a
  • Defann tout vòt ki fèt nan fè apèl non kèlkeswa pwojè lwa a ak afilyasyon patizan manm ki fè apèl la

Revni ak Jistis Ekonomik

Pandan plizyè ane, nou wè jan inegalite revni an ogmante pou li rive nan nivo tèt chaje li ye kounye a. Pandasetan, sistèm fiskal nou an, nan nivo eta ak nivo nasyonal, pa ka swa kenbe konpa a oswa, nan kèk ka, li an reta nan zafè jere moun rich yo ak antrepriz yo. Filozofi mwen ase senp nan zafè revni eta a, moun yo dwe peye pati ekitab pa yo. Antrepriz ak moun ki rich anpil yo benefisye nan sèvis piblik tankou lekòl, enfrastrikti ak sante piblik menm jan ak tout lòt moun. Malgre sa, pouvwa lejislatif la diminye radikalman taks sou salarye ki pi rich yo ak gwo antrepriz ki nan Commonwealth nou an. Sa lakoz 20% salarye yo ap peye apeprè doub revni anyèl yo nan taks eta pase 1% salarye yo. Sèlman 2 lòt eta nan peyi a te diminye taks yo plis pase Massachusetts. Dekalaj sa a fè yon tou 4 milya dola nan bidjè nou an selon rapò Mass Budget and Policy Center.

Priyorite yo se:

  • Travay pou pwomilge Amandman Pati Ekitab la epi refòm kòd fiskal tèt anba nou an yon fason pou moun ki rich yo paye yon pi gwo pati nan revni yo pase fanmi klas ouvriye yo.
  • Sispann akimilasyon pouvwa ekonomik ak pouvwa politik antrepriz yo ak moun ki rich nan restore taks sou moun rich yo, antrepriz yo, ak elit finansyè a
  • Travay pou refòme taks fiks regresif Massachusetts genyen kounye a ki pèmèt PDG milyadè yo peye menm to ak yon travayè sèvis ki gen yon salè ki anba minimòm lan

Jistis Sosyal ak Jistis Rasyal

Pandan twò lontan, lejislatè yo te inyore apwòch ki pi efikas yo pou dekouraje zak kriminèl epi yo te priyorize politik ki mennen nan gwo kondanasyon ak pèn ki di ki te mennen nan plis rechit nan krim ak anpil lamizè. Sistèm jistis penal nou an te konsantre twòp sou mezi pou pini moun olyede reyabilitasyon reyèl. Soti 2011 rive 2016, depans ki fèt pou prizon yo te ogmante pi vit pase nenpòt lòt pati nan bidjè Massachusetts la, pandan finansman pou sèvis nesesè, tankou edikasyon, t ap trennen. An mwayèn, kòb li koute pa ane pou loje yon prizonye nan Depatman Koreksyon Massachusetts plis pase $60,000. Apwòch sa a dwe chanje, epi nou bezwen dirijan ki pral priyorize vrè jistis la sou mezi pinisyon ki di.

Priyorite yo se:

  • Mete fen nan anprizonnman an mass la ak politik rasis estriktirèl ki lakoz li a
  • Re-afekte resous yo te detounen pou voye nan bidjè lapolis la nan plis resous kominotè pou sante mantal ak ensidan ki gen pou wè ak chòk
  • Abòde eritaj rasis estriktirèl la nan finanse lekòl piblik nou yo yon fason ekitab, enplemante Medicare pou tout moun, mete fen nan kriz lojman abòdab la, epi redui eka richès, revni ak pouvwa ki genyen ant kominote moun nwa yo ak kominote moun blan yo
  • Pwoteje dwa tout rezidan Massachusetts yo kèlkeswa ras yo, sèks yo, oryantasyon yo oswa estati dokiman yo

Dwa LGBTQ+

Te gen gwo amelyorasyon ki fèt nan zafè dwa LGBTQ+ la nan dènye ane yo epi an menm tan, nou dwe sonje kantite travay ki rete pou fèt pou nou dwa sa yo pwogrese pou antre nan politik la ak aksyon an. Kominote LGBTQ+ Massachusetts la divèsifye, jèn yon fason ki demezire, epi li vini an dezyèm nan peyi a lè yo mezire li an pousantaj nan popilasyon eta a. Men, yo fè fas ak diskriminasyon tribòbabò epi yo gen plis risk pou soufri depresyon, pou yo sanzabri, epi pou yo gen pwoblèm manje. Anpil moun nan Massachusetts gen tandans wè eta nou an kòm yon lidè nan zafè politik pwogresis, men se te sèlman ane pase Massachusetts te rive entèdi move pratik terapi konvèsyon an. Nou dwe ap fè plis bagay pou pwoteje sante ak byennèt jèn ak granmoun aje LGBTQ+ nou yo, epi pou entegre nan politik nou panse entèseksyonèl ki rekonèt lojman abòdab, sekirite alimantè, swen sante mantal, ak zafè retire moun nan prizon an se pwoblèm LGBTQ+ ki enpòtan. Se yon desepsyon pou gen moun ki refize konprann dwa LGBTQ+ yo se dwa moun ki fondamantal.

Priyorite yo se:

  • Pèmèt tout moun tout sèks ak oryantasyon jwenn swen sante ki konplè.
  • Garanti dwa tout manm nan kominote LGBTQ+ yo pou yo egziste nan espas piblik yo san yo pa fè diskriminasyon kont yo.
  • Bay sèvis sosyal yo avèk yon aksen ki pi entèseksyonèl
  • Ogmante reprezantasyon LGBTQ+ nan tout nivo gouvènman an ak elaborasyon politik yo

Edikasyon Piblik

Edikasyon piblik la se yon envestisman nan lavni Commonwealth nou an epi pou nou kapab fè konkirans sou mache mondyal inovasyon an ak endistri a. Antanke manman, pi gwo priyorite mwen se amelyore sistèm edikasyon an. Chak timoun merite yon edikasyon wòdpòte kèlkeswa ras li oswa sitiyasyon sosyo-ekonomik li, epoutan sistèm eskolè nou rete youn nan sistèm ki pi miwo miba nan peyi a. Sa ki agrave inegalite sa a, distri yo resevwa enstriksyon nan men eta a, tankou rapò pwofesè ak elèv pou klas edikasyon espesyal yo ak tès MCAS sou òdinatè sèlman, men yo pa ba yo resous pou aplike chanjman sa yo. Menm si Lwa sou Opòtinite pou Elèv yo vote ane ki sot pase a se te yon bon kòmansman pou rezoud pwoblèm sa a, pa gen anyen ki fèt ankò. Malgre pwomès pou ogmante finansman, anpil distri lekòl pral toujou resevwa "èd minimò sèlman", sa ki vle di yo pral gen ogmantasyon bidjè anba enflasyon an pou ane k ap vini yo. Mwen kwè nou dwe asire nou tout ti vil ak distri eta nou an omwen kenbe kalite edikasyon yo genyen kounye a, epi pou yo pa mete yo nan yon pozisyon kote yo oblije swa koupe sèvis minisipal yo oswa ogmante chaj fiskal lokal yo pou konble defisi finansman sa a. Anplis, Massachusetts dezenvesti nan ansèyman siperyè a epi li trasfere fado finansye a sou do etidyan yo depi plizyè deseni. Sa lakoz frè etid yo ogmante, sa ki fè etidyan yo riske gen dèt alontèm oswa yo pa ka jwenn ansèyman siperyè a ditou.

Priyorite yo se:

  • Asire tout manda edikasyon yo vini ak finansman ki nesesè pou egzekite yo
  • Ogmante finansman pou sipòte ti klas yo epi finanse pwogram pou edikasyon espesyal ak Moun k ap Aprann Anglè yo
  • Mete yon moratwa sou tès ki gen gwo enje yo epi fè tranzisyon pou ale nan mwayen ki pi efikas epi ki konplè evalye elèv yo ak distri lekòl yo
  • Garanti aksè inivèsèl pou edikasyon pre-matènèl wòdpòte
  • Asire tout etidyan inivèsite piblik yo gradye san yo pa gen dèt

Kriz Klima a

Pa gen anyen ki pi enpòtan pase lè nou ap respire a ak dlo nou ap bwè a. Chak ane, plis pase 100,000 moun mouri akoz maladi yo lage sou do polisyon lè a. Nan mitan pandemi COVID-19 sa a, rezoud pwoblèm sa a vin pi ijan toujou. Dènyeman, yon etid te montre menm yon ti ogmantasyon nan polisyon lè a ogmante kantite moun ki mouri nan yon peyi a 15%. Selon yon rapò American Lung Association pibliye, kalite lè a deteryore nan Commonwealth la pandan twa (3) lane ki sot pase yo akoz emisyon santral elektrik yo ak ogmantasyon tanperati chanjman klimatik la lakoz. Ane ki sot pase a tou, Environmental Working Group te remake anpil pwodui chimik nan dlo nou yo nan nivo nou konnen ki nuizib pou sante nou menm nan limit legal yo. Nou konnen lalwa ak règleman yo pa t adapte ak lasyans epi li lè li tan pou nou fè sa yon priyorite.

Priyorite yo se:

  • Adopte yon Nouvo Akò Ekolojik (Green New Deal) Massachusetts ki priyorize tranzisyon pou li soti nan kabiran fosil anvan 2030.
  • Ogmante finansman pou MBTA ak lòt transpò piblik yo pou asire deplasman ki abòdab epi dirab pou rezidan Massachusetts yo
  • Ankouraje politik jistis anviwònmantal yo epi travay avèk kominote yo pou asire tout moun gen lavwa ochapit nan desizyon sou enpak anviwònmantal ki pral afekte yo
  • Mete règleman anviwònmantal eta a ajou avèk konesans syantifk aktyèl la

Epidemi Opyoyid la

Gen yon epidemi adiksyon ki ap ravaje Commonwealth nou an akoz gen anpil opyoyid mòtèl ki lakoz anpil adiksyon ki disponib. Nou konnen kriminalizasyon ak anprizonnman an pa p bay rezilta nan konbat kriz sa a epi li koupe fon pwogram ki bay rezilta yo pandan frè anprizonnman an ap ogmante avèk kantite moun ki soufri adiksyon nan prizon nou yo. Si nou oblije retire nenpòt bagay nan politik kont dwòg anvan yo, ki gen ladan "Gè kont Dwòg" ak pozisyon fèm demokrat yo te pran nan ane 90 yo lè yo t ap vote lwa sou abiz dwòg oswa alkòl, se paske metòd sa yo te echwe epi nou bezwen yon nouvèl apwòch.

Priyorite yo se:

  • Fè lwa pou trete adiksyon an kòm yon pwoblèm sante mantal epi priyorize tretman sou anprizonnman.
  • Envesti nan tretman medikal, terapi-konsèy ak inisyativ kominotè yo
  • Fòme doktè ak pasyan yo sou danje ki genyen nan itilize opyoyid la epi priyorize lòt terapi yo pou soulaje doulè a.

Yo konnen Nichole kòm moun pou ale jwenn pou ka fè bagay yo avanse, epi se sa li pral fè nan Beacon Hill!